Pyepoudre

Nou chak gen yon istwa pou n rakonte…

Egzistans nou sou planèt tè a pa toujou rezime ak yon liy dwat, byen fèt, san rakousi oubyen obstak. Nou souvan rankontre ak eprèv nan lavi nou ki ka chanje nou konplètman, oubyen aprann nou leson ki pou fè nou vin moun nou dwe ye a. Men difikilte sa yo pa toujou fasil pou nou travèse. Yo konn toujou kite yon gou amè nan bouch nou. Epi nou fè rès vi nou ap viv ak twomatis, ak yon maleng ki p ap janm geri… Ak yon sekèl!

Pandan lane 2020 an, m rive dekouvri youn nan remèd ki ka ede anpil moun fè fas ak yon eprèv yo te pase nan lavi yo. Li pa lòt se « PALE ». Pale pou moun tande w. Pale pou libere tèt ou. Pale pou defoule w. M dekouvri sa gras ak platfòm Séqu’elles ki gen nan tèt li, Ludnear Diane Augustin, yon jèn fanm m apresye anpil pou kouraj li ak jan li ekri.

Séqu’elles sot fete yon lane 26 janvye 2021 ki sot pase a. Yon lane, kote li bay aksè pandan 11 chita pale ak fanm ki rive sòti tèt yo nan sosyete a, malgre tout kondisyon te reyini pou tenyen limyè yo.

Eksperyans mwen ak Séqu’elles tanmen depi nan lansman platfòm lan. Se pa te kozri abityèl yo ki konn fèt sou lidèchip, biznis, teknoloji elatriye… Men se te yon chita pale kote yon fanm ta pral gen kouraj pale de yon moman nan lavi l kote li pa t ka jwenn ase dlo pou l kriye. Yon moman kote gwosè moun sa se te pi gwo fado l. Yon moman kote andikap moun sa te limite l nan aksyon l. Oubyen yon moman kote yo te wè l tankou yon senp fanm, men pa yon moun tankou tout moun.

Mwen rekonèt de lwen ou de prè pifò pèsonalite ki te pase sou panèl Séqu’elles pandan lane 2020 an. Pifò nan yo se fanm ki trè aktif nan sosyete a, genyen tou se gwo FEMINIS. Men lè m pran tan m tande epi eseye konprann sa yo te andire pandan yon moman nan lavi yo, m ret kwè fanm sa yo se EWOYIN! Men tou se yon gwo kout chapo pou Ludnear, fanm ki kanpe dèyè Platfòm sa, pou lide sa li resi akouche apre plis pase 3 lane refleksyon.

>> Gade yon videyo ranmase sou premye lane Séqu’elles

Séqu’elles gen plas li an Ayiti. Li gen plas li sitou nan tout sosyete ki matchis, kote yon fanm limite nan tout sa li ta vle antreprann. Platfòm sila ka jwe yon wòl enpòtan nan jan n ap viv ak moun nan antouraj nou. Sitou lè nou renmen fawouche, pase nan rizib epi minimize moun parèy nou.

Apre yon lane, pi gwo rèv Ludnear, se pou Séqu’elles ta wè mil lòt ane ankò. Sa m konnen se toutotan ou ap goumen pou ou viv, ou ap jwenn obstak sou wout ou. Ou ka toujou chèche yon fason pou simonte yo. Men kijan lavi ou ap ye apre sa?

Sèlman pa neglije pale!

Pale pou ou pa toufe. Pale pou ou libere tèt ou!

© Théo Photography

Ou menm, ki istwa lavi w?

© Se Janlik Wi

5 réflexions au sujet de “Nou chak gen yon istwa pou n rakonte…”

  1. Wi, pale se youn nan pi gwo remèd ki te ka genyen. M kontan ou pataje sa ak anpil lèzòt ki pa rann yo kont de kokennchenn pouvwa sa ki genyen nan “pale”. Chapo Janlik.👌

    Aimé par 1 personne

Répondre à Sterline Annuler la réponse.