Culture

MISS UNIVERSE 2019 : Anba kouwòn lan, kisa nou ta dwe wè ?

Si n pa t konnen, avan m kòmanse pale de sa, fòk mwen di nou se yon Afrikèn, Zozibini Tunzi, ki leve kouwòn 68èm edisyon konkou sila. Li gen sèlman 26 lane epi li te reprezante peyi l « Afrique du Sud ».

Viktwa sila fè anpil moun kontan epi, li ta sanble chavire yon sèl kou konsepsyon moun sou bèlte kay yon fanm. Nan yon sèl sware, pifò fanm nwa vin pran konsyans yo ka bèl pandan yo ret natirèl.

Men sa fè m tris yon kote, epi pouse m fè refleksyon sila.

Avan sa, M vle atire atansyon nou sou pifò tit atik ki sòti sou Miss lan. « La première femme noire aux cheveux crépus », « La 5ème femme noire », « Une africaine ». Seri de ti mo, ki plen enpòtans, ki tou kategorize Mis lan. Nou ka menm di se redwi yo viktwa afrikèn lan ki rete yon gwo eksplwa. Sa anpil moun ki emosyonèl pap janm rive konprann !

Pou n avanse, M remake pifò moun tonbe nan menm kouran lide konkou Mis yo chak ane. Yo mize sou koulè po, bèlte epi cheve Mis lan pou felisite l. Men pa gen twòp moun ki fon ti chita sou gwosè diskou Zozibini Tunzi fè nan kad final sila ki te fèt nan lakou Atlanta.

Yon diskou sou lidèchip

Miss Universe 2019 la fè konnen, li leve nan yon mond kote li redi anpil avan yo asepte l kòm yon bèl fanm. Nou te ka remake senplisite Miss lan nan final lan. Zozibini Tunzi kontinye pou l di, li lè pou fanm yo Goumen pou yo jwenn plas yo nan sosyete a. Li lè pou fanm yo aprann dirije.

Diskou sila adrese ak tout fanm san distenksyon koulè po, ni longè cheve. Li mete aksan sou enpòtans fanm dwe gen nan mond lan epi pou yo touse ponyèt yo, met jip yo nan tay yo, pou yo goumen pou plas yo nan mitan sosyete y ap viv lan. Men depi apre final lan, nou ka remake nan ki direksyon kòmantè pifò moun ale.

Sou koze bèlte fanm

Piblisite ak menm stil konkou sa yo tou oryante chwa pifò moun nan mond lan sou kisa ki yon bèl fanm. Men, pèsòn, menm Lekòl, pa montre fanm yo asepte tèt yo jan yo ye a. Sosyete a deside fòme yo « Barbie » depi tou piti. Mete konparezon nan mitan yo « Cheve pa m pi long« , « koulè po m pi klè« , » Tete w twò piti« . Epi stil neglije kote « Estime de soi » an.

San nou pa bliye koze alamòd ki toujou pa stab. Atann nou an 2020, anpil Zozibini Tunzi pral donnen tout kote. Tèlman nou pa orijinal, nou wè aparans avan. Poutan te gen lòt fanm nwa nan konkou an, men se sa ki te gen pi bèl mesaj lan ki pase. Medya yo pral vann li « En tant qu’une femme aux cheveux crépus« . Epi nou tou tonbe nan pyèj lan san nou pa rann kont.

Sa anpil moun pa konn dèyè rido gwo konpetisyon sa yo, òganizatè yo konn deside kritè moun ki pou patisipe yo. Se tout dwa yo pou yo deside ki fanm ki pou reprezante yo. Se moun sa, yo pral vann kòm fanm ki pi bèl nan mond lan, epi anpil tèt fèb pral aplodi san bliye tout prejije ki ka mache avèl. Nou ka di m poukisa gen « Miss Ronde« ? Gwo fanm yo se yon kategori fanm ki bèl apa? Na va reflechi sou sa.

Koze a, se asepte tèt ou epi goumen pou jwenn plas ou nan mond lan. Se gwosè mesaj Zozibini Tunzi pataje ak nou. Reflechi sou veritab potansyèl ou, epi w ap wè jan w ap viv byen san fristrasyon. Mize sou pwen fò ou yo pou w konbat pwen fèb ou yo.

Mis Zozibini Tunzi pa sèlman yon bèl fanm ak yon kouwòn. Li se yon sous motivasyon pou tout moun ki deside goumen pou yo kite mak yo nan mond sa.

© Se Janlik Wi