Atis angaje, Roosevelt Saillant, nou plis konnen sou non BIC Tizon dife, toujou pote bèl tèks ki makonnen ak bon jan analiz sou reyalite nou an Ayiti. Asuiv se dènye mizik li ki sòti jou ki premye oktòb 2019 la, kote li pase pran tout kouch nan sistèm peze souse sa ki mete peyi a nan eta sa.
Lekti BIC sou kriz k ap travèse peyi a dènye tan sa yo, se pawòl tout nèg lari, entèlektyèl, gwo save kapab fè pandan y ap viv nan malsite a. Lafimen kriz sila, ki te anba pay depi lontan, resi pran dife ak yon pwoblèm gaz ki gen men yon leta ki pa responsab dèyè l. Peyi lòk, yon tèm ki antre nan vokabilè anpil nan nou, tounen yon fòm lit pou di non ak opresè yo. Men mizik sa ale pi lwen toujou. Li montre nou, se tout sistèm lan ki mande pou chavire. Se sistèm lan ki blo nou.
Ayiti gen 5 pwoblèm
BIC pase nan rizib pwòp pawòl chèf leta an sou pwoblèm k ap ravaje peyi a. Kote li di li difisil pou respire ke viv San koripsyon an Ayiti. Bwat leta yo, kote maleng sa ap anvlimen anba je dirijan yo, se prensipal sib atis lan. Sitou pou medam san defans ki al mande djòb nan bwat sa yo. Nan bwat leta, gen twòp moun ki mande resikle. Gen twòp moun ki mande retrete. Gen twòp moun ki kenbe sistèm lan nan gòj, kote yo drive rèv tout yon jenès. Entèlektyèl, leta pa bezwen w. Si w gen Kolòn vètebral, leta pa bezwen w. Malere onèt, leta pa bezwen w.
Sistèm edikatif ayisyen an, ki toujou a 2 vitès, kontinye fè plis mal pase byen. Si w rankontre yon moun ak diplòm isi se paske li gen parenn osinon li pa gen viza. Atis lan drese tablo pifò jèn k ap fè 14 lane chita sou ban lekòl, pou alafen, twouve yo sou beton an ap boule Kawotchou. Ki avni garanti pou yon jèn ki fin redi pou li jwenn papye filo l? Genyen ki toujou san oryantasyon apre yo fin pase kap sila. Sa ki gen chans rive pase sou ban inivèsite, toujou twouve yo nan menm tèt chaje a apre yo fin jwenn bout papye li sans lan. Jwenn yon travay, monte yon karyè pwofesyonèl, nan leta oubyen nan prive, avni jenès la flou…
Dirijan san otorite
Prezidan pa vle mete pantalon l nan tay li. Premye responsab nasyon an demisyone san li pa rann kont. Li pap dirije anyen. Otorite li konteste, twòp dout sou nèg ki chita nan palè nasyonal lan.
Chanjman gouvènman k ap fèt tanzantan, se youn nan faktè ki anvlimen kriz ki gen kounya. Se yon ti jwèt pas kout kote Chak moun anvi vin fè kapital pa yo sou do pèp la. Gen anpil moun nan gouvènman, yon pye deyò yon pye anndan.
Palman sa gen gwo chay sou do l tou. Li pa inosan. Se rat Kay kap manje pay Kay. Antrenou PP, si w pa renmen labou kisa w t al fè nan chanm, pouki ou pa t chita nan lakou. Chire pit ant gwoup majorite ak minorite, yon 50èm lejislati lawont… Palman an tankou yon kanson san bragèt.
Majistra pa gen poubèl menm pou lakay li… Se yon konsta klè kote komin yo lage de bra balanse. Petyonvil, youn nan gwo komin nan peyi a, pa menm gen yon sèvis ponpye. Pa mande m kijan sa ye pou kapital lan. Mwen fèt nan yon kapital ki tounen yon pak kochon. Yon Pòtoprens pil fatra…
Medya ak Sektè mizikal lan pa epanye
Dlo pwòp ak dlo labou pa gen menm savè. BIC kanpe tankou bòs nan endistri mizikal lan. Li lonje dwèt li dirèk sou Radyo yo ki pran plezi pase mizik etranje gratis. Yon pratik depi dikdantan ki boule rèv anpil jèn atis ki pa gen kòb pou peye pwomosyon. Atis lan konprann sa lontan, li raple se pou sa li pa pote albòm nan radyo ankò pandan li pwofite pase pran machann mikwo yo k ap brase bil atis yo.
An palan de Atis, mesye Chapo ba ! Nou detwonnen machann pwason. Chapo ba! Atis lan kondane mizisyen parèy li ki kontinye ap ranpe tankou kalmason. Li pi fasil pou pifò Atis Ayisyen di yo pa nan politik olye yo deside chante mizè pèp lan. Tizon dife pa nan chante pou boujwa malpwòp. Nan menm lide an, n ap suiv yon tandans kote atis vle pran plas lidè. Pandan sa yo ap chante pa toujou reflete imaj pèp lan. Dènye eleksyon yo montre aklè jan kèk atis te kite politisyen manipile yo pou grenn vòt. Menm atis sa yo twouve yo nan ti soulye yo jounen jodi a. Nan dènye nòt Kowalisyon Atis Ayisyen sòti a, atis siyatè yo pa pran okenn pozisyon reyèl sou kriz peyi a. Se yon woule m de bò. Menm sektè sa plen divizyon ladann.
Nan tout pwen ki soulve nan mizik BIC an, gen youn ki adrese dirèkteman ak fòs viv nasyon an: Onètman mwen pa kwè m pare pou m mouri pou Ayiti. Men kòm mwen prè pou m mouri ak diyite, genlè fòm ta fon ti kite Ayiti. Gadon kesyon ! Yon kesyon ki mande reflechi….
© Se Janlik Wi