Sa gentan gen 4 lane depi Impact Hub ak diferan patnè l yo mete ansanm pou òganize yon semèn pou selebre antreprenarya an Ayiti. Port-au-Prince Startup Week se tankou yon kafou kote tout moun ki nan diferan branch antreprenarya jwenn opòtinite pou yo vann tèt yo oubyen pataje konesans yo. Edisyon 2019 lan, fè m aprann twa leson m deside aplike nan vi pwofesyonèl mwen.
Pifò jèn komanse lage nan fè pwòp biznis pa yo. Nou k di, Nan langaj ameriken an, chak jèn vle gen pwòp startup pa yo. Se sa ki sanse alamòd kounya. Mwen pa kache di nou lwa sa te kòmanse danse nan tèt mwen. Men mwen te vle konn domèn lan plis pou m pa monte sou resif apre pou m kase danm. Se pou sa Mwen te deside patisipe antanke volontè nan 4èm edisyon gwosè aktivite sila. Avèk yon sèl objektif ki se te vin pran bon jan konesans sou antreprenarya pou pi devan mwen k monte pwòp biznis pa m.
Malerezman, mwen pa jwenn egzakteman sa m te vin chèche a paske Jiskaprezan okenn lide biznis poko trase klè nan tèt mwen. Men apati tèm 4èm edisyon Port-au-Prince Startup Week lan epi sa m viv pandan semèn lan, mwen jwenn twa gwo wòch dife ki pral ede m pi byen kore karyè pwofesyonèl mwen. Tèm lan se te : REVELE, REKONEKTE, RENOUVLE.
Premye leson : Rezotaj se kle pou ouvri anpil pòt (REVELE)
Moun abitye fwote ak moun, rankontre ak moun nan diferan aktivite. Men kisa yo plis kenbe nan tout fwotman sa yo. Èske se non w? Jan w te abiye? Oubyen jan w te apwoche yo an? Mwen ka di tout aspè sa yo konte men sa ki pi enpòtan an se jan w te vann tèt ou an depi nan premye kontak ou ak moun lan. Se pa nan yon lide tou pou w tou prezante CV ou depi ou apwoche yon moun. Non ! Men li enpòtan pou w di kisa w konn fè oubyen enterese w ak domèn moun ki anfas ou an.
Estrateji sa te pèmèt mwen pale ak anpil moun mwen abitye wè sou Facebook, ki nan lis zanmi m sou rezo sosyal sa tou, men nou pa t janm gen chans echanje mesaj. Mwen te sezi wè kòman mwen gen yon bèl antouraj ak yon pakèt jèn ki ap Goumen pou rèv yo. Pou yo reyalize yon bagay.
Lontan, abitid mwen lè m al nan yon evènman, se vini bonè, chita nan twazyèm ranje a epi veye kote antre/sòti /twalèt lan ye. Depi aktivite a fini, mwen toujou pami premye moun yo k ap kite sal la. Mwen kwè aprè Port-au-Prince Startup Week mwen p ap aji menm jan. Mwen menm gen kat vizit mwen konte bay pou si moun m ap pale avè l la pa gen twòp tan pou l ban mwen.
Dezyèm leson: Volontarya, yon richès kache (REKONEKTE)
Byen avan mwen te aplike kòm volontè nan Port-au-Prince Startup Week, mwen te gentan anonse pifò moun nan antouraj mwen mwen pa rete 2 lane pou m fè volontarya. Aprè 2020, mwen p ap nan koze al bay fòs ak kouraj mwen, konesans mwen gratis ankò. Mwen se yon pwofesyonèl avantou. Mwen nan dènye ane Syans Kominikasyon. Nou ka konprann mwen.
Gen yon zanmi m ki te reponn mwen « Se dizan mwen genyen Depi m ap fè volontarya wi ». Sa te choke m, epi m te konpare fason zanmi an ap viv ki pa si mal pase sa. Mwen kòmanse fè volontarya nan lane 2015. Mwen dekouvri anpil bagay nan domèn mwen an kote chita sou ban inivèsite pa t ap janm ka ofri m yo.
Anplis de sa, gen moun mwen rankontre gras ak volontarya, mwen pa kwè mwen t ap gen ase lajan pou m fè kalite fwotman sa yo. Moun ki nan diferan domèn. Mwen sanse pa limite nan kontak mwen, nan resous moun mwen.
Eksperyans volontarya mwen nan Port-au-Prince Startup Week, se yon bagay inik. Gen yon lè mwen te santi aktivite a se te « Tout par et pour les volontaires ». Nou te 50 jèn anviwon ki gen pou responsab yon semèn aktivite. Evènman an byen pase epi nou tou kenbe Kòd fanmi sa.
Twazyèm leson: Akyson pi enpòtan pase volonte (RENOUVLE)
Tout jounen M konn ap klewonnen « Fòk mwen konn pale/ekri anglè byen ». Volonte a te toujou la, mwen nan plizyè gwoup anglè sou whatsapp men Jiskaprezan mwen fouti ka pale anglè jan m ta vle l la. Mwen te toujou ap di tou « Fòk mwen Konstan/regilye nan atik mwen yo », « fòk mwen byen vann imaj mwen ». Tout pawòl sa yo se te sou papye. Pou « la galerie ».
Nan Port-au-Prince Startup Week, mwen te volontè men se plis nan ekip medya a mwen te ye. Nou t ap jere piblikasyon yo sou rezo sosyo yo. Gen yon kote ki rive kote gen sesyon kote entèvenan yo se anglè yo pale. De(2) pye m te nan ti soulye m. Mwen pa t ka jwenn otomatis lan pou m kapte sa yo t ap di an pou m ka fè piblikasyon yo. Se lòt manb nan ekip la ki oblije fè sa. Mwen te santi m limite.
Evènman an annik fini, mwen tou sible 5 moun nan antouraj mwen pou m pale SÈLMAN anglè ak yo. Jiskaprezan sa ap byen mache. Mwen kòmanse pratike lang lan chak jou.
Pou kesyon imaj lan, « Brand » ki se mo anglè a, tout teyori yo deja nan tèt mwen. Se aksyon mwen potko ka poze. Ekri atik sa se yonn nan aksyon yo, paske sa te gentan fè yon lane depi blog sa pa t aktif.
Pou m fini, Port-au-Prince Startup Week aprann mwen anpil. Mwen pa t yon senp volontè. Mwen te wè m kòm patisipan tou. Diferan moun ki te ap entèveni yo te motive m chanje anpil bagay nan vi pwofesyonèl mwen ak relasyon m ak moun nan antouraj mwen. Mwen kontan yon aktivite konsa ap kontinye fèt. Randevou an kase pou premye semèn mwa Dawout lane 2020. Mwen pa bezwen di nou m ap ladan l pi rèd!
Pa bliye swiv paj mwen an sou Facebook : https://www.facebook.com/SeJanlikWiPaj/?ti=as