Jounen 28 oktòb, se okazyon pou selebre lang ak kilti kreyòl nan tout peyi ak kominote kote yo pataje kreyòl. Mwa oktòb vini dirèkteman mwa Kreyòl. Mwa refleksyon. Mwa pou chita pale sou lang ak kilti kreyòl.
Pa bò isit, jou 28 oktòb lan se jou kote pifò nan nou resi bay lang Kreyòl enpòtans li . Nou desann chwal lang franse pou nou marye lang nou ak Kreyòl nou an. Nou k di se jou fèt pwovèb Kreyòl tou. Se yon jou kote ayisyen pwofite montre bèlte lang lan lè yo pale l san konplèks ni rezèv.
Manman lwa peyi an rekonèt 2 lang: Franse ak Kreyòl. Men Pouki se jou 28 oktòb lan mw santi ke Ayiti gen de (2) lang vre? Se jou sa mwen wè jan lang kreyòl lan te rich epi bèl nan bouch ayisyen.
Yo di tèt kana pa monte tab sevre,eske se sak fè Lang Kreyòl pa ka pale nan bwat Leta yo? Genlè se paske li pa nan zuzu,li pa nan tòde lang dwategòch,lanvè landwat osnon paske li twò rèk? Oubyen paske nou twò konplekse, nou wont pale lang lan?
Map rejwenn pozisyon Jétry Dumont nan AyiboPost sa : Kreyòl pa lènmi pyès lòt lang. Kote otè a montre aklè nou plis anvi mete Kreyòl anfas franse. Otomatikman, Ayiti vin sanble pa gen 2 lang vre si youn gen plis enpòtans pase lòt. Nou plis wont pale Kreyòl e ipokrizi nou rive byen lwen nan sans sa.
Nan tout lodyans sa yo,nou bliye lang se yon zouti pou n kominike ak moun ki nan antouray nou. Ou kominike pou w konprann sa lòt la vle di osnon pouw fè yon mesaj pase. Pou w defann sa w kwè, pataje konesans ou. Pou w pote limyè.
Nou pa ta sipoze fèmen je nonplis sou feblès ki gen nan lang Kreyòl lan. Depi sou ban lekòl, Kreyòl lan ap pran kou. Yo stigmatize lang lan nan fòse timoun yo pale franse. Toutan, nou chita ap klewonnen fòk edikasyon fèt nan lang manman nou. An Kreyòl. Nou k poko rive nan stad sa men fòk nou evite kreye konplèks kay tchovi yo lè yap pale Kreyòl. Fòk nou sispann ak koze depi w pa byen konn pale franse se paske w sòt.
Nou an pann idantite tou. Sa se pi gwo pati nan lit pou Kreyòl lan granmoun tèt li. Nan atik sa, Sispann kriye kote mò a, al kriye bò bonm te a pito!, otè a soulve pati ipokrizi pifò nan nou genyen. Nou pa janm atake pwoblèm yo nan nannan. Nou pito bere yo.Fèk kare gen travay ki pou fèt pou Kreyòl jwenn grandèt tèt li. Akademi Kreyòl dwe fè plis jefò pou ranfòse lang lan.
M ap prete pawòl potorik gason sa,Frankétienne ,poum di w « Toutotan kreyòl lan pa pale bouda louvri ayisyen pap janm kite konplèks yo dèyè« . Nanm nou fin blanchi ak vye lide kolon fransè kite nan tèt nou. Jan ansyen Prezidan Titid te dil « Kilè nap fè dekolonizasyon mantal lan? » Li lè li tan pou sa rive. Epi fòn pa tann sèlman 28 oktòb pou n ranje tab pou n sèvi lang ak kilti kreyòl .
Kreyòl pale,kreyòl konprann. Kreyòl chante, li mache nan san n. Tire kont bay timoun lizay lè lannwit tanmen . Pwovèb yo sonnen tankou klòch nan zòrèy nou . Pwezi yo dous pase plim poul . Kreyòl se idantite nou. Nou se Kreyòl.
Kreyòl se eritay kiltirèl nou,li se nanm nou. Ayibobo pou Lang ak Kilti Kreyòl.